AYITI/ POLITIK: ÒGANIZASYON SOSYO POLITIK VIV AYITI KOUPE MARE FACHE AK SEKTÈ DEMOKRATIK LA

Nan yon nòt piblik òganizasyon Sosyo Politik Viv Ayiti, voye bay sektè ki rele demokratik ak popilè (SDP), pou fè yo konnen depi lendi 30 dawout 2021 an, yo retire tèt yo nan sektè ki di yo demokratik ak popilè a (SDP).

Selon lèt la, òganizasyon Sosyo Politik Viv Ayiti, fè konnen li pran desizyon pou retire kòl pou yon titan nan sektè demokratik la akoz yo vle rete atache ak revandikasyon popilasyon an ki vle yon egzekitif ki gen prezidan ak premye minis, epi yo raple ak sektè demokratik la nan yon rapò òganizasyon dwa moun (RNDDH), ki mete non premye minis Ariel Henry ki ta gen bon jan relasyon epi te pale nan telefòn ak youn nan prezime asasen Jovenel Moïse yo, kise Joseph Felix Badio.

N ap siyale, jounen lendi 30 dawout 2021 an, gwo deblozay te pete nan Otèl « Montana » nan moman siyati akò 30 dawout kise yon inisyativ Konferans sitwayèn solisyon ak kriz la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …