AYITI/ ENSEKIRITE: EVAZYON NAN PRIZON SIVIL TIGWAV KAT (4) PRIZONYE MOURI, TWA (3) SOVE

Nan kad yon entèvyou, komisè Lapolis komin Tigwav la Bazil Jean Claude bay ak Echo Jounal, sou evazyon ki fèt nan prizon sivil Tigwav la maten jedi de (2) Septanb 2021 an. Bilan yo se: 4 prizonye mouri, 3 lòt sove ak 8 lòt Lapolis rive ratrape.

Komisè Polis Bazil Jean Claude, fè konnen evazyon an fèt maten jedi a nan lè 2 zè, nan moman 50 prizonye ki sòti nan prizon Sivil Okay te tanmen yon mouvman epi goumen pou defonse yon gri an fè ki te nan selil la, kote Lapolis ki te sou plas te gentan pran 39 nan prizonye sa yo, 11 ladan yo te gentan pran lari kote Lapolis rekipere 4 ladan yo, 4 mouri ak 3 lòt yo ki gaye nan lanati pou kounye a.

Komisè Bazil Jean Claude, pwofite kònen lanbi nan zòrèy otrorite nan penitansye nasyonal yo pou kapab vini pote èd ak prizon Sivil Tigwav la paske Prizon Tigwav la se yon prizon ki nan konstriksyon si se pa sa ris pou evazyon fèt nan prizon toujou posib.

Komisè Jean Claude, presize prizon sivil Tigwav te gen 213 prizonye, men parapò ak tranbleman tè ki te pase nan Gran Sid kote prizon sivil yo te viktim, sa ki lakoz te gen 185 prizonye ki sòti nan prizon sivil Ansavo ki nan depatman Nip te transfere nan prizon an epi 50 ki te sòti nan Okay ki vin bay kounye a gen yon total 448 prizonye ki nan prizon sivil Tigwav la.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …