AYITI/EDIKASYON: MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL BAY DAT POU OUVÈTI LEKÒL NAN PEYI A.

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl ki gen sig nan lang fransè (MENFP), bay dat pou ouvèti lekòl la pou ane akademik 2021- 2022 a.

Selon enfòmasyon ki disponib yo, ouvèti lekòl la fikse pou 20 Septanb 2021 an, nan depatman Lwès, Sidès, Nò, Nòdwès, Sant ak depatman Latibonit. Alòske, lekòl la ap ouvri nan depatman Nip, Sid ak Grandans kat (4) Oktòb 2021 an, paske yo te viktim nan tranbleman tè 14 dawout 2021 an.

Nap raple, jiska moman nap ekri tèks la okenn rezilta pou egzamen ofisyèl klas tèminal yo poko pibliye sa ki fè anpil obsèvatè ap poze kesyon èske tout elèv ki tale nan egzamen yo tou pase?

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …