Ouragan Ida, ki pase nan peyi Etazini pandan semèn lan fè gwo dega nan peyi Etazini lakoz 22 moun mouri nan Eta Nouyòk ak Nou Jèze, selon » National Weather Service ».
Pandan pasaj ouragan Ida 22 moun mouri nan lannwit mèkredi pou louvri jedi 2 Septanb 2021 an nan Eta Nouyòk Ak Nou Jèze avèk gwo rafal van, tònad ak inondasyon ki mete 2 Eta sa yo anba eta ijans jedi 2 Septanb lan.
Kat (4) fanm, 3 gason ak yon tigason 2 lane mouri nan 5 inondasyon nan Nouyòk Siti, nan Eta Nou Jèze, 14 lòt moun mouri, pami yon 5 ladan t ap viv nan konplèks « Oakwood Plaza Apartmens epi yon lòt kadav yo dekouvri nan « Passaic ».
Gouvènè Eta Nouyòk la, Kathy Hochul, fè konnen nan mikwo jounal « NBC News », otorite yo ap travay pou kapab evalye dega yo pou konnen ki valè dega ouragan Ida fè nan Eta Nouyòk.
Responsab metewoloji nan medya « NBC News » la, Bill Karins, ki presize « Central Park ak « Newark », nan Eta Nou Jèze, yo resevwa plis pase 5 cm dlo lapli nan inè tan (1è) yon rekò ki pat janm konn fèt.
Dieuva Occidor
Kredi foto:nbc