AYITI/ ANIVÈSÈ: YON ESTASYON RADYO NAN DEPATMAN NIP AP FETE 11 LANE EGZISTANS LI.

Radyo Top Fm, ki ap emèt sou frekans 95.1 Fm nan komin Miragwàn, limen yon lòt bouji anivèsè jounen samdi 25 Septanm 2021 an, nan Komin Miragwàn.

Radyo Top fm, te premye limen frekans li 25 septanm nan lane 2010, daprè deklarasyon administratè radyo Top Fm, Socrate Jean Pierre. Pilwen, resposab la fè konnen estasyon radyo a konnen anpil difikilte pou li te kapab rive gen laj sa a e pwomèt menm jefò a ap toujou kenbe pou ka satisfè oditè ak oditris yo.

Tout ekip Echo Jounal la, pwofite okazyon an pou swete yon bòn fèt ak radyo Top Fm ki ap pote kout men nan radyo difizyon nan peyi Ayiti.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …