AYITI/ KIDNAPIN :  ETIDYAN FAKILTE SYANS MOUN JOHNNY JEAN JWENN LIBERASYON LI

_Etidyan Fakilte Syans Moun, Johnny JEAN, nèg ak zam te kidnape mèkredi 29 septanm nan ri Kamo jwenn liberasyon l jounen dimanch 3 oktòb 2021 an nan aswè, daprè ekonomis Enomy Germain._

Johnny JEAN pa nan men kidnapè yo ankò. Ravisè yo libere etidyan Fakilte Syans Moun nan, Jonnhy JEAN dimanch 3 oktòb 2021 nan aswè.

« Ravisè yo libere Zanmi nou, Johnny JEAN, dimanch nan aswè », ekri sou paj fesbouk ekonomis Enomy Germain.

Jounalis e ekriven Skason Batispte pa t kache kontantman l apre liberasyon Johnny JEAN an. » M kontan re wè w bro! 5 jou nan men kidnapè te twòp (…) Bon retou Jonnhy ! Ou te manke m », ekri Skason Batispte.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …