AYITI /POLITIK : ANSYEN DEPITE ACKLUSH LOUIS-JEUNE KRITIKE ANVWAYE ESPESYAL AMERIKEN AN NAN PEYI AYITI.

Aprè gouvènman Biden lan fin voye anvwaye espesyal li Keneth Merten an Ayiti ankò, reyaksyon yo pa sispann tonbe anba bouch politisyen gwo babin nan peyi Ayiti.

Ansyen depite Dame-Marie a kritike diplomat ameriken an nan yon entèvyou li fè sou yon estasyon sè nan Kapital la madi 12 oktòb 2021 an,
Diplomat ameriken an pap vin regle anyen pou peyi a paske se menm Keneth Merten sa ki te anbasadè akredite nan peyi Ayiti soti 2009 pou rive 2012  » deklare ansyen depite Acklush Louis-Jeune ».

Pilwen, ansyen palmantè a fè konnen se menm fanmi sa yo tankou Bill Clinton ki mete Ayiti nan eta li ye a, moun sa yo fè prèv yo pa zanmi Ayiti vre .

Gouvènman ameriken pa gen volonte vre pou ede Ayiti. Lè nou konsidere, se menm Keneth Merten sa ki te kanpe douvan peyi a ki te  di ansyen prezidan Joseph Michel Marthelly pa ameriken san prèv jistifikatif, san fondman  » deklare Acklush Louis-Jeune »

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …