AYITI / POLITIK : JOVENELIS YO DI YO PA NAN DANSE KOLE AK POUVWA ARIEL HENRY A

Nan yon nòt pou laprès Rasanbleman Jovenelis yo pou demokrasi ki gen sig nan lang fransè (RJD) mete deyò jounen 25 novanm 2021, demanti tout enfòmasyon ki fè kwè yo ta ap dodo meya nan nouvo gouvènman premye minis Ariel Henry a.

« Nou pote yon demanti fòmèl pou tout moun kap fè traktasyon kap di nou nan pouvwa premye minis defakto Ariel Henry an », se sa Jovenelis yo deklare nan nòt la. Pilwen, patizan defen Prezidan Jovenel Moïse yo fè konnen yo pap chita menm kote ak moun ki te touye prezidan an nan lanwit 6 pou rive 7 jiyè 2021 an.

Kijan poun ta fè rantre nan yon gouvènman kote tout mèsenè lokal ki te te touye prezidan an ladanl selon nòt Jovenelis yo ?

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …