AYITI/ SANTE: POU PI PITI TRANT (30) ÒGANIZASYON PRAL RESEVWA FÒMASYON SOU ASK DWA SANTE SEKSYÈL NAN DEPATMAN NIP

Obsèvatwa Jenès Ayisyèn ki gen sig nan lang fransè (OJH), lanse ofisyèl jounen vandredi 26 novanm 2021 an, kòwòt pou trant (30) òganizasyon ki sòti nan onz (11) komin depatman anba tèm  » intégration de l’axe droit à la santé sexuelle reproductive au sein des oragnisations de jeunes ».

Reprezantan (OJH) la, Lindel Delisme, fè konnen pwojè pou ranfòse kapasite trant (30) òganizasyon nan depatman nip lan sou entegrasyon aks dwa sante seksyèl repwodiktif la, vini aprè pasaj tranbleman tè katòz (14) dawout 2021 an, gras ak yon apèl pwojè  » FOKAL » te lanse epi Obsèvatwa jenès Ayisyèn ( OJH) ranpòte lamayòl. Responsab la, ki presize chak òganizasyon ki seleksyone yo ap kapab voye de (2) reprezantan yo vin pran fòmasyon epi pou al redistribiye li nan òganizasyon an ak kominote kote yo ap viv la.

Pwojè fòmasyon pou ranfòse kapasite manm òganizasyon sa yo ap dire kat (4) mwa e li gen yon bidjè ki evalye ak senksan (500 000) mil goud, daprè Lindel Delisme, ki esplike aprè òganizasyon yo fin resevwa fòmasyon sa yo (OJH) pap rete san ke yo pa swiv yo nan kad travay yo pral fè nan kominote yo.

Obsèvatwa Jenès Ayisyèn (OJH), se yon òganizasyon ki kreye nan lane 2015, deja travay sou plizyè aksyon ak jèn yo seka nan zafè imanis, pledwaye pou yon lòt jenès.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …