IJAN/KOVID-19 : 32 500 KA KONTAMINASYON KI GEN POU WÈ AK KOVID-19 DETEKTE NAN PEYI LAFRANS AN 24È

Peyi Lafrans ap fè fas ak senkyèm vag nan sa ki gen pou wè ak maladi kowona viris la. 32 500 ka kontaminasyon Kovid-19 detekte an 24è nan peyi Lafrans. Nan entèvansyon li fè jounen mèkredi 25 novanm 2021 an, minis sante a, Olivier Véran, anonse yon pakèt mezi pou kwape maladi a.

« Yon dekrè ap rann mask obligatwa nan tout espas piblik yo apati demen vandredi a, menm si pou w gen aksè ak li fò w prezante pas sanitè a », deklare Olivier Véran.

Minis sante a anonse gen lòt mezi ki ap rantre an aplikasyon apati 15 janvye 2021. » Pas sanitè tout fransè soti 18 pou rive 65 lane p ap aktif ankò. Moun sa yo ap gen 2 mwa pou yo pran twazyèm doz vaksen an », daprè sa l di.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …