AYITI/JISTIS: FEDOFEDH LANSE SÈZ (16) JOU AKTIVITE SANSIBILIZASYON KONT VYOLANS SOU FANM YO

Nan okazyon jounen entènasyonal vyolans kont fanm ak tifi, Federasyon òganizasyon fanm yo pou egalite dwa moun ki gen sig li nan lang fransè ki se FEDOFEDH lanse sèz (16) jou aktivite apati 25 novanm pou bout nan dat 10 desanm 2021 an, anba tèm : oranje lemonn pou konbat vyolans sou fanm ak tifi.

Dat 25 novanm lan make jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm ak tifi. « Jounen sa pèmèt gen plis refleksyon ki fèt sou vyolans fanm ak tifi yo ap sibi chak jou nan sosyete a », daprè deklarasyon Novia Augutin. Ki ajoute sòti 25 novanm pou rive 10 desanm se ap sansibilizasyon sou kesyon vyolans ki ap pèmèt jèn fanm yo ak popilasyon an reflechi sou vyolans yo ap sibi chak jou nan peyi a.

Nan kad dewoulman aktivite sa yo, kap chita sou sansibilizasyon kont vyolans sou fanm ak tifi ap gen konferans-deba. » Nou p ap rete sèlman nan gwo vil yo, nan Pòtoprens men nou prale nan zòn rekile yo », daprè kòdonatris douvanjou a madam Méopole. » Fanm nan milye riral yo tou fòk yo jwenn enfòmasyon, fòk yo konnen yo ap sibi vyolans la tou pou yo denonse l », esplike kòdonatris la.

Bò kote pa l, Dieudonné Lherisson, prezidan pati PLANSPA, kwè pou vyolans yo sispann sou fanm ak tifi fòk medam yo pran angaje politik pou gen yon lòt Leta ki mete sou pye nan peyi a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …