ESPÒ/BALON DÒ : « GAYAN BALON DÒ A GENTAN KONNEN SE LI MENM KI RANPÒTE LI », DEKLARE REDAKTÈ AN CHÈF FRANS FOUTBÒL LA.

_24è avan seremoni ofisyèl pou remèt youn nan disktenksyon ki pi prestijye nan monn foutbòl la, Pascal Ferré, redaktè an chèf enstans ki ap bay twofe a, fè konnen gayan an Balon Dò a gentan konnen se li menm ki ap ranpòte pri a._

« Jwè kap pran l lan konnen se li ki pran l. Nou fè yon gwo entèvyou, chouting. Sa fèt nan diskresyon. Pa gen pèsòn ki wè nou. Jwè a te kontan menm jan ak tout lòt loreya lane pase yo », enfòme redaktè an chèf magazin Frans Foutbòl la, Pascal Ferré nan TFI.

Mesye Ferré sèten fanatik foutbòl yo ap kontan konnen idantite gayan an. » Fanatik foutbòl yo ap kontan konnen idantite 65kyèm Balon Dò a. M konvenki », daprè sa li esplike.

De (2) favori pou ranpòte twofe prestijye sa Frans Foutbòl ap bay depi nan lane 1956, se jwè ajanten an Leo Messi k ap pote koulè ekip PSG a ak Lewandowski, atakan polonè, ap jwe nan ekip Bayern Munich la.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …