LEMON/IJAN: TRANBLEMAN TÈ MAYITID 7.5 NAN NÒ PEWOU

_Yon tranbleman tè mayitid 7.5 daprè enstiti ameriken frape nò peyi Pewou jounen dimanch 28 novanm 2021 an.

Daprè enstiti nasyonal jewofizisyen pewouvyen, tranbleman tè a frape jeng nan nò peyi a ak kèk zòn ki tou pre l li. » Episant la gen 98 km a lès Santa Maria de Nieva, chèf lye pwovens Condorcanqui nan depatman Amazonas ki gen distans 860 km parapò ak kapital la, Lima », daprè enstiti pewouvyen an.

Pa gen okenn alèt sounani daprè obsevatè ameriken an. Marin pewouvyen yo ekate tout posibilite pou ta gen sounani. Toutfwa, kouran koupe nan zòn afekte yo.

Majorite peyi a te santi sekous la. » Nou tout soti nan lari. Nou te gen anpil laperèz », deklare Lucia nan telefòn daprè sa AFP rapòte.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …