LAJISTIS AYISYEN ANILE AVI RECHÈCH DCPJ TE METE DÈYÈ VITELHOMME INNOCENT

Jij Esaïe Pierre-Louis ansanm ak grefye Marie Sheila Pauyo òdone anilasyon avi rechèch direksyon Santral polis jidisyè (DCPJ) te mete dèyè Vitelhomme Innocent.

Vitelhomme innocent lib pou li flannen nan peyi a. Lapolis Nasyonal Dayiti pap chache li ankò daprè desizyon lajistis ayisyen nan jiridiksyon kwadèboukè pran pou anile avi rechèch DCPJ te mete dèyè li a.

Vitelhomme innocent te akize de vòlè machin, asasina ak kidnapin. Nan yon videyo ki tap sikile sou rezo sosyal yo, Vitelhomme innocent te kanpe bò kote chèf gang « 400 mawozo » a lanmò sou jou.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …