FOUTBÒL/AFRIKEN : YON RWANDÈZ AP VINI PREMYE FANM KAP DIRIJE MATCH NAN CAN NAN

Pou premye fwa nan istwa koup Afrik Nasyon yo gen yon fanm ki pral abite match foutbòl.

Salima Mukansanga ki gen 33 lane sou tèt se yon jenn abit Rwandèz manm òganizatè koup Afrik Nasyon yo chwazi pou ofisye nan konpetisyon an ki koumanse jounen dimanch 9 janvye a pou bout 6 fevriye 2022.

Salima Mukansanga fèt nan peyi Rwanda nan lane 1988. Li gen yon fòmasyon siperyè nan enfimyè e fanm saj nan Inivèsite Gitwe.

Karyè entènasyonal abit li koumanse nan lane 2012. Premye match li te ofisye se te nan lane 2014 nan yon match ki te mete bab pou bab Zambi kont Tanzani nan zafè kalifikasyon pou chanpyona foutbòl feminen Afrik.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …