AYITI/ESPÒ: TOUT REZILTA MATCH YO POU PREMYE JOUNEN LIGA LAKAY LA NAN JEREMI BÒ KOTE MEDAM YO.

Jan sa te anonse a premye jounen chanpyona fanm yo demare nan vil Jeremi jou ki te vandredi 5 avril 2024 la, yon chanpyona ki pote non « Liga Lakay »

Nan premye rankont lan Jeremie FCF te twoke kòn li ak CFJ de Léon, yon match ekip Jeremie FCF genyen (2-1), Marie José Baselais ak Youdemie Michel make pou Jeremie FCF e Lovelie Joseph make grenn gòl ekip CFJ de Leon a. Nan match sila te gen yon katon wouj ke ekip Leon an pran ak 4 katon jòn ki repati konsa: youn pou Leon, twa (3) pou Jeremie.

Nan dezyèm rankont lan ki te jwe samdi 6 avril 2024 la, FCF Roseaux bat ekip Revèle de Renald (1-0), se Berlange Bien-Aimé ki te make grenn gòl la. Nan match sa te gen yon sèl Katon jòn ke Rezil A, Coach adjoint FCF Roseaux te pran.

Nan dimanch 7 avril 2024 Masia de Numero2 genyen AS Beaumont (2-1), Rosemila Andrice ak Astrude ki te bay tèt li gòl te make pou ekip Masia a e Rosedarline Voltaire te make pou Beaumont. Nan match sa twa(3) jwez ekip Beaumont an Barbara Sosou, Rosedarline Voltaire, Rosemilor Alexis pran katon jòn, epi antrenè yo a, Shelton Jeudy pran katon wouj.

Apre premye jounen an, klasman an parèt konsa

 

Nou vin pale nou jodi a de fèy « Diven Jezi » se yon fèy ki enpòtan anpil. Lè ou fin fè gade videyo a abòne, like, pataje ak lòt moun…
👇🏿👇🏿👇🏿👇🏿

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …