AYITI/POLITIK: GARRY CONILLE KANPE AN MÈT PEYI AVEK REN.

Nan yon ti fouye zo nan kalalou pou konnen kijan nouvo gouvènman an kanpe, enfo yo fè nou konnen ke chwa premye minis tranzisyon an, Garry Conille vini de gwoup REN an.

Se Garry Conille nan tèt kole ak REN ki mete Moïse Jean Pierre nan tèt ministè anviwonman, Carlos Hercule nan tèt ministè Lajistis, Niola Lynn Sarah Decalis Octavius nan ministè jenès ak espò, Ketleen Florestal nan ministè finans ak planifikasyon, Dominique Dupuy nan zafè etranje e se Garry Conille ki nan tèt ministè enteryè ak kolektivite tèritoryal.1

– Men kijan chwa yo ye.

  1. Garry Conille Premye minis/Minis enteryè. (REN)
  2. Carlos Hercules, minis jistis (Garry Conille)
  3. Vernet Joseph, Minis agrikilti. (Pitit Dessalines.)
  4. Franck Wilbert Georges, minis afè sosyal ak travay. (SOCIETE CIVILE)
  5. Jean Marc Berthier Antoine minis defans (EDE)
  6. Marie Francoise Susan, minis kondisyon fanm (Dr Gerard Gilles)
  7. James Monazard, minis touris ak komès (Sektè Prive a)
  8. Niola Lynn Sarah Decalis Octavius, minis Jenes ak espò (REN)
  9. Ketleen Florestal, minis finans ak planifikasyon (Garry Conille)
  10. Dominique Dupy, minis zafè etranje (Garry Conille/ Laurent Lamorthe/Claude Joseph)
  11. Georges Fils Brignole, minis sante piblik (Dr Gerard Gilles)
  12. Moïse Jean Pierre, minis anviwonman (REN)
  13. Raphael Hosty, minis travo piblik (Fanmi LAVALAS)
  14. Antoine Augustin, minis edikasyon nasyonal/minis kilti ak kominikasyon (MONTANA – Fritz Jean.)

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …