AYITI/POLITIK: PLIZYÈ ÒGANIZASYON VODOU FRAPE PYE YO ATÈ POU DENONSE TWA ÒGANIZASYON KI KENBE SEKTÈ A NAN GAGANN.

Nan yon nòt pou laprès ki pote dat 24 jiyè 2024, plizyè òganizasyon vodou tankou KONBIT, KVNER, SOSYETE MILOKAN, MODEV, DEMANBRE, OVPZ, ZILE, AVREDA frape pye yo atè pou denonse yon ti gwoup ki pran sektè a an otaj.

Nan nòt la yo fè konnen aprè anpil chita pale, yo mete yo dakò pou yo denonse fason kèk endividi malentansyone ki ap itilize yon seri òganizasyon anndan sektè vodou pou komèt yon pil zak malonèt nan non sektè vodou a.

Yo deklare ke yo ini tout fòs yo ansanm pou yo di se twòp atò kou sa pap pase sou do sektè vodou a, ke ti gwoup sa yo konprann ke yo ka rezime sektè vodou a 3 grenn ògnizasyon sèlman ki se : KNVA, WAYÒM VODOU DAYITI, ZANTRAY. Epi yo konprann ke yo se sèl majò jon ki ka deside nan non tout lòt òganizasyon ki anndan sektè a.

Pi lwen yo fè konnen lè yo konsidere konbyen fwa endividi malentansyone sa yo itilize plizyè estrikti anndan sektè vodou a pou gagote lajan pep la sou non vodou, Lè yo konsidere nan ki kantite eskandal malonet, yo site non endividi malentansyon sa yo, ebyen yo rive konprann ke moun sa yo se nan pisin koripsyon yo ap benyen chak fwa lide jwisans ak pwofitè moute nan tèt moun sa yo, Lè nou konsidere se nan bwat Leta yo, endividi malentansyone sa yo ap fè pelerinaj epi monte konplo ak kèk direktè jeneral kont sektè vodou a pou sal imaj vodou a ki se sel zouti ki rete nan men pèp ayisyen an ki ka ede li bati yon demen miyò pou jenerasyon k’ap vini yo.

Yo deklare se pou tout rezon sa yo ki fè yo mete tèt yo ansanm pou demaske tout moun ki konprann yo ka vin pran woulib sou do sektè vodou a, epi tou, denonse tout endividi malentansyone ki pa gen okenn kalite, okenn lejitimite, okenn moralite pou deside nan non sektè vodou a.

Yon lòt bò dirijan KONBIT, KVNER, SOSYETE MILOKAN, MODEV, DEMANBRE, OVPZ, ZILE, AVREDA, avèk anpil lòt òganizasyon anndan sektè vodou a anonse yo mete tèt yo ansanm epi yo chwazi Anperè « Garnier SÉJOUR » kòm moun ki gen kalite ak lejitimite pou reprezante sektè vodou a anndan KEP a.

Yo lanse yon apèl ak tout moun ki siyen epi ki konsène pa nòt pou laprès sila pou yo toujou kontinye kònen lanbi rasanbleman pou tout vodouvi yo toujou rete soude youn ak lòt nan konjonkti espesyal yo ye la pou evite tout konfli initil ki ka antrave pwosesis pou mete konsèy elektoral pwovizwa sa sou pye. Yo di yo pare pou yo chita pale avèk « konsèy chak moun fè ti kout la », Gouvènman, ak tout lòt sektè toupatou nan peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …