AYITI/ENSEKIRITE: NAN MACHE, PREMYE MINIS GARRY CONILLE PRAN BATÈM DE FE LI APRE MIDI LENDI A NAN LOPITAL JENERAL.

Pandan yon vizit premye minis tranzisyon an, Garry Conille apre midi lendi 29 jiyè 2024 la nan lopital Jeneral, mesye « Viv Ansanm » yo bay premye minis lan batèm de fe li.

Bandi yo tire anpil kout bal nan moman mesye a rive nan lopital la, se gras ak efò polis nasyonal la yon gwoup jounalis ak kèk polisye Kenya rive kite yon espas kote yo te al kache nan moman bandi yo tap mete bal atè.

Apre sa ki pase apre midi a, anpil kè sote sou fòs kenya a ki pat an mezi pou te menm jere pwòp tèt yo, selon anpil moun premye minis lan genyon ide kounye a de kijan sityasyon an ye nan peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …