AYITI/ZEN: EKIP KOMINIKASYON VOLTAIRE TANTE BAY DETAY SOU WOULIB AVYON KONSEYE A PRAN POU RANTRE NEW YORK LA.

Ekip kominikasyon konseye Leslie Voltaire tante bay detay sou woulib avyon li pran pou rantre nan eta New york peyi Etazini an.

Nan yon kominike yo mete deyò nan lannwit samdi 21 septanm 2024 la, yo fè konnen se pa afè pèsonèl mouche Voltaire al regle men se reprezante li al reprezante peyi a nan 79èm asanble jeneral nasyon zini an, yo pa bay detay sou kout gidon ki fèt nan dènye minit la.

Nan kominike a, yo fè konnen se prezidan « Konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la » Edgard Lablanc Fils ak Leslie Voltaire ki te nan delegasyon pou ale nan nasyon zini an, poutan enfo yo te fè kwè se Edgard Leblanc ki te gen pou pran lapawòl sou tribin nasyon zini an. konfizyon total!

Yon lòt bò, selon enfo yo gouvènman meriken fè konnen li pa an mezi pou li ta bay tou de (2) delegasyon peyi Dayiti yo sekirite donk dezyèm delegasyon ki gen nan tèt li Edgard Leblanc Fils la pa gen plas li nan peyi yo a, kòm premye minis defakto a, Garry Conille te gentan rive se li ki jwi privilèj yo, Èske se li ki pral pran lapawòl? Nou pa gen repons lan, Èske li ap gentan antann li ak mouche Voltaire pou retire tout dout ki genyen yo? Nou poko gen repons lan pi rèd.

Pilwen kominike a di se Leslie Voltaire ki al reprezante « konsèy chak moun fè ti kout la » nan 79èm asanble jeneral nasyon zini an, pandan tout moun konnen se Edgard Leblanc ki gen manda sa.

E si prezidan peyi Kenya a pat vizite peyi Dayiti nan apre midi samdi 21 septanm 2024 la, kijan konseye Voltaire ta pral Etazini?

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …