Ayiti/relijyon: Samba Nakay ke tout moun konnen sou non Jameson Innocent mande pitit li ak popilasyon an padon.

Atis Samba Nakay ke tout moun legliz konnen sou Jameson Innocent mande pitit li yo ak tout moun ki te konn ap tande mizik li te fè pou legliz yo padon.

Atis la fè deklarasyon sa nan yon videyo li poste sou chanèl youtube li « Nakay Tv » jounen dimanch 22 septanm 2024 la, nan video sila li mande pitit li yo padon paske li te leve yo anndan legliz, selon li se pi gwo erè li te ka fè.

Samba Nakay ale pi lwen pou li mande tout moun ke mizik evanjelik li yo te rive sou yo e te fè yo konvèti e pran wout legliz padon, li fè konnen apre videyo sa si yon moun ta fin gade li e li toujou rete legliz, li pa responsab.

About Echojounal

Check Also

Haïti/Intempérie: Cinq départements de la république D’Haïti en virgilance rouge

L’Unité Hydro Météorologique d’Haïti (UHM) de concert avec la Direction Générale de la Protection Civile …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager