AYITI/PNH: PNH LA BAY BILAN GWO LESE FRAPE YO TE FÈ AK TI MESYE KRAZE BARYÈ YO.

Nan yon konferans pou laprès jounen madi 15 oktòb 2024 la, PNH la prezante bilan lese frape yo te genyen ak ti mesye « Kraze baryè » yo jou ki te 12 ak 14 oktòb 2024 la nan zòn Tòsèl.

Lapolis anonse yo touye pou pi piti 20 bandi, yo sezi pou pi piti 15 zàm, plizyè grenn bal, chajè, 28 radyo kominikasyon, yon pil materyèl lapolis tankou inifòm, jile pa bal ak anpil dosye pèsonèl chèf gang « kraze baryè », Vitelhomme Innocent. Yon bilan ki kite anpil dout nan tèt anpil moun.

Nan lese frape sa lapolis pèdi yon cha ke, bandi yo pat pran tan pou te fè videyo e pibliye sou tout platfòm yo pou moutre sa yo fè a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …