LIG DÈ CHANPYON 1/8 DE FINAL: BAYERN RACHE YON MATCH NIL NAN ANFIELD LAN.

Bayern al fè match nil (0-0), nan Anfield lan fas ak Liverpool nan 1/8 definal lig dèchanpyon, jounen madi a, Bayern reyalize yon bon operasyon e gen plis avantaj paske yap resevwa nan match retou an.

Tout moun ki renmen foutbòl tap tann yon gwo match ant Liverpool e Bayern nan Anfield lan, nan kad 1/8 definal lig dèchanpyon, men se pat sa. Nou asiste ak yon match mwayen ki te fèmen, ki te gen anpil dechè teknik. Seri an toujou louvri pou lot match kap fèt 13 mas lan, nan Arena a.

Pandan yon dizèn(10) minit tou 2 ekip yo, tap obsève. Mohamed Salah pwal kreye premye okazyon match lan, aprè yon long pas ke Jordan Henderson fè nan mitan 2 defansè santral Bayern yo men Salah pat kadre chout li an(11′). Bayern reponn. Alisson sove Liverpool sou yon sant ki kontre nan kò Joël Matip (12′). Match lan vin anime, anpil entansite.

Liverpool kontinye kreye okazyon. Sadio mane pandan twa fwa te jwenn kote pou l te louvri skò a (15′,32′,37′) men frap li yo pat kadre. Matip rate yon okazyon pou te bay avantaj lan ak Reds yo (40′), aprè yon konbinezon ant Salah e Firmino. Liverpool te andanje yon sel fwa e se yo ki te koz sa, Alison fè yon vye degajman epi James pran balon an, fè yon pas pou coman ki tire men balon pase akote.

Bayern gen obligasyon fè yon viktwa nan match 13 mas lan, pou espere jwenn kalifikasyon yo pou 1/4 definal. Yon bagay ki pap fasil pou jwè kovac yo. Klopp bezwen kontante l sou yon nil ki gen gòl pou kalifye pou 1/4 definal. Nap note Bayern pap gen sèvis Kimmich aloske Liverpool ap ka konte sou Van Dirk.

Peterhayoo.fr@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …