Ayiti/Koripsyon: RHAJAC mande òganizasyon nasyon zini yo pou bay peyi a yon kout men nan kesyon move je ki nan trafik zangi a.

« Réseau haïtien des journalistes anti-corruption »
RHAJAC mande anketè òganizasyon nasyon zini yo pou yo mete deyò lis kriminèl ki nan koze trafik zangi yo nan lakou peyi Dayiti yo pou tout moun kapab konnen yo.

Yo fè demand sila nan yon nòt pou laprès ki pote dat 18 jiyè 2025, nan nòt la yo tou pwofite denonse Madame Betty Lamy ki, selon yo ki achte komès zangi an nan men ansyen senatè Moïse Jean Charles pou twa (3) milyon dola men, madanm nan pa chita sèlman nan trafik zangi, li nan trafik kokayin ak ògàn selon sa reponsab RHAJAC yo fè konnen.

Sa ki mete responsab RHAJAC yo nan poze tèt yo anpil kesyon tankou poukisa madanm nan kouri ekri òganizasyon nasyon zini yo pou fè tèt li pase pou viktim kote li atake RHAJAC, ak plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la ki ap denonse li kòm moun ki nan move zafè.

Yo mande tèt yo poukisa lajis nan lakou peyi Dayiti fè silans pandan de (2) manm nan konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la, Fritz Jean ak Leslie Voltaire te anonse gen trafik ògàn nan peyi a.

Yo kontinye poze kesyon pou mande poukisa nan rapò ONI yo yo pa janm gen non ki site pandan yo fè konnen ke nan komès zangi an nan lakou peyi Dayiti gen plizyè zak molonèt ladann, tankou blanchi lajan.

Se kèk nan kesyon sa yo « Réseau haïtien des journalistes anti-corruption » poko ka jwenn repons yo malgre plizyè lèt ak denonsyasyon ke yo fè pou atire atansyon moun ki konsène yo nan lakou peyi Dayiti ke nan peyi lòt bò dlo pou ta aji pou kapab pwoteje pèp ayisyen ki ap viv yon moman nwa.

About Echojounal

Check Also

Haïti/Intempérie: Cinq départements de la république D’Haïti en virgilance rouge

L’Unité Hydro Météorologique d’Haïti (UHM) de concert avec la Direction Générale de la Protection Civile …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager