Apre lapolis te fin arete ansyen senatè Nenèl Cassy nan komin « Petion ville » jou ki te 2 out 2025 lan, ansyen senatè a rive fè yon gwo vitwa sou lajistis gras ak yon pas komisè gouvènman an, Frantz Monclair.
Ansyen senatè a te gen sou do li plizyè chaj tankou bay bandi lajan, asasina, asosyasyon malfektè pou site sa yo soti blan kou nèj, youn nan chay sa yo pa rete sou do mesye a, komisè gouvènman an, Frantz Monclair libere li nan apre midi madi 19 out 2025 lan.
Poutan, gen plizyè moun lapolis mete anba kòd jis paske yo jwenn yo abite nan zòn ke yo rele tèritwa pèdi yo, yo mete sou do yo toutè bandi, manm viv ansanm pou site sa yo, moun sa yo ap bwè prizon yo pa konn pou kilè yo la.
Pou selebre viktwa sila, plizyè dizèn fanatik ansyen senatè a te ap chante danse e fè konnen se mesye a ki towo a, fanatik yo te tou pwofite mande liberasyon kèk lòt pwòch yo ki nan prizon.