ESPÒ/KALSYO: INTER GENYEN LAREZON SOU MILAN POU DÈBI A.

Nan dèbi milanè a yon match ki konte pou katriyèm joune Serie A ekip enteris la kase mete nan men AC Milan samdi 21 septanm 2019 la.

Se te yon bèl premye peryòd ant de ekip sa yo ki rete kòm ekip ki gen match klasik nan chanpyona italyen an.Premye mitan te gen pa mal de bèl aksyon ant milanè yo men yon mitan ki te fini (0-0)

Inter ta pral make gras ak Marcelo Brozović ki ta pral ouvri eskò a pou Inter de Milan nan 49 vyèm minit match la pou fè gòl (1-0) a .Milan ki te lakay li nan estad Giusseppe Meazza ki tap eseye pote presyon pou egalize nan match men se pat fasil.

Nan 78 tyèm minit match nouvo Interis la Lukaku ta pral jwenn chemen filè a pou mete match la (2-0) anfavè Ínter.

Aprè bèl viktwa sa se interis yo kap domine klasman ak 12 pwen epi Vyèy dam nan ap swiv yo a 10 pwen pandan defèt sa koz Milan AC rete ak 6 pwen epi li twouvel jis nan 9 vyèm plas la.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …