ESPÒ/SERIE A: 6ÈM JOUNEN AN JWE WIKENN NAN INTER MILAN RETE LIDÈ AK 6 VIKTWA YOUN DÈ LÒT. 

Chanpyona italyen an jwe 6èm jounenl wikenn nan,  Juventus te jwe premye match la ak Spal, match ki fini (2-0) moun ki make pou juve se Miralem Pjanič nan fen premye mitan an sou yon pas de Sami Kedira epi Cristiano Ronaldo nan 78′ sou yon pas de Paulo Dybala.

Nan jounen sa, sampdoria tap resevwa inter Milan rankont ki fini anfavè enteris yo (1-3) byen bonè nan match la Stefano Sensi te make premye gòl la Alexis Sanchez te make 2èm gòl la swa 2 minit apre sou yon pas de Stefano Sensi.
Sete ak eskò sa lidè chanpyona a te rantre nan vèstyè re monte sou pelouz swa 10′ apre ekip resevez lan jwenn rediksyon eskò an gòl de Jakub Jankto nan 55′ pwoteje Antonio Conte yo pat pran tan pou agrave eskò an ak Roberto Cagliardini na 61′ (1-3) ki te sinomim ak viktwa (6 match 6 viktwa) enteris yo rete solid nan tèt klasman an.

Res match yo se
Sampdoria vs Nappoli (2-1)
Udinesse vs Bologne (1-0)
Lecce vs Roma (1-0)
Lazio vs Genoa (4-0)
Cagliari vs Hellas (1-1).

Milan toujou ap mal mache kote lap kontinye ak seri de defèt li yo apre (2-0) kont inter nan dèbi an pèdi ankò nan wikenn nan sou tèren Fiorentina (1-3).
Dènye match 6èm jounen an ap jwe jounen lendi 30 septembre 2019 lan a 2hr Parme ap resevwa Torino.

*Men klasman an apre 6 jounen nan chanpyona a*

1: Inter : 18 pwen
2: Juve : 16
3: Atalanta :13
4:Nappe: 12
5:Roma: 11
6:Lazio : 10
7:Cagliari: 10
8:Torino: 9
9:Fiorentina: 8
10:Bologne : 8
11:Udinesse: 7
12:Sasuolo: 6
13:Verona: 6
14:Brescia: 6
15:Parme: 6
16:Milan: 6
17:Lecce: 6
18:Genoa: 5
19:Spal: 3
20:Samp: 3

Moun ki make plis gol
1:D.sapata:(5 gol atalanta
2:Ciro Immobile:(5 gol.Lazio)
3:Domenico Bérard (5 gòl sasuolo).

 

Kredi foto: wikipedia

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …