Kominote ayisyen an nan peyi Meksik nan gwo dèy, apre de ti fi ayisyen pèdi lavi yo nan yon sant akèy nan Leta Oaxaca, nan sid peyi a. Se nan yon fòs septik otorite yo jwenn kò san rache de ti moun sa yo ki te ap viv nan sant la ansanm ak manman yo.
Dapre deklarasyon prokirè Yarib Hernández García, de ti fi yo te ap pase yon tan nan fwaye Sistèm Nasyonal pou Devlopman Entegral Fanmi an (DIF). Apre fanmi an te remake timoun yo pa parèt, yo te lanse yon alèt pou disparisyon yo. Se apre fouy ki fèt nan zòn nan yo te vin dekouvri kadav yo anndan yon fòs septik ki nan lokal la.
Otorite Meksiken yo reyaji vit apre dekouvri sa a. Pou kounye a, de gwo responsab nan sant la pèdi dyòb yo:
* Direktè Sant la
* Kowòdonatè jeneral sant akèy DIF yo nan Leta Oaxaca
Yo mete de moun sa yo nan men lajistis pou yo ka rann kont sou sa ki pase a. Gouvènman lokal la louvri yon ankèt rapid pou detèmine si se yon aksidan ki rive poutèt neglijans nan antretyen lokal la, oubyen si gen lòt rezon ki kache dèyè lanmò sa yo.
Yon sitiyasyon frajil pou migran yo
Trajedi sa a rale zòrèy kominote entènasyonal la sou kondisyon sekirite migran ayisyen yo ki ap travèse Meksik. Malgre sant sa yo sipoze se kote pou pwoteje moun ki pi frajil yo, tankou timoun, evènman sa a montre gen gwo mankman nan sistèm pwoteksyon an.
Pou kounye a, fanmi viktim yo ap tann rezilta otopsi a ak konklizyon ankèt la pou yo ka konnen egzakteman ki jan de ti inosan sa yo fè fini lavi yo nan kondisyon sa yo.
Echojounal echojounal.net