Ayiti/Politik: Yon sèl chimen pou sove peyi a, se Inite Nasyonal ak Eleksyon

 Nan yon nòt pou laprès ki soti lendi 23 fevriye 2026 la, òganizasyon politik RES AYITI, ki gen nan tèt li Michelet Baptiste, mande pou tout fòs viv peyi a mete tèt yo ansanm. Objektif la se rive òganize eleksyon ki kredib pou peyi a ka jwenn yon pouvwa lejitim epi soti nan kriz ki ap sakaje li a.

​Pandan peyi a ap travèse yon moman ki chaje ak defi, RES AYITI di li remake gen efò ki ap fèt pou estabilize peyi a ak prepare eleksyon yo. Nan sans sa a, òganizasyon an voye yon gwo kout chapo pou Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé. Dapre nòt la, yo salye « kouraj politik ak detèminasyon » chèf gouvènman an ki montre li gen volonte pou peyi a tounen nan lòd demokratik.

​Malgre RES AYITI rekonèt gen kèk erè ki fèt, li kwè moman an pa pou satisfaksyon, men se pito pou mobilizasyon. Pou Michelet Baptiste, kowòdonatè jeneral la, li nesesè pou gen yon konbit nasyonal ant :

    • ​Pati politik yo ak sosyete sivil la ;
    • ​Sektè prive a ak sendika yo ;
    • ​Òganizasyon jèn yo ak moun nan dyaspora a ;
    • ​Sektè relijye yo.

​« Peyi nou an pa ka sipòte enstabilite kwonikyèl, tranzisyon ki pa janm fini ak enstitisyon ki ap deperi ankò, » se sa nou ka li nan nòt la.

​Pou òganizasyon an, sèl fason pou Ayiti jwenn yon gouvènman ki gen fòs ak dwa pou li aji nan non pèp la, se nan òganize eleksyon ki lib, transparan epi kote tout moun ka patisipe. RES AYITI kwè se inite ak dyalòg serye sèlman ki ka pèmèt Leta a rebati sou bon fondasyon epi fè pèp la reprann konfyans nan chèf li yo.

​Nòt la fini pou li di moman sa a se yon « moman istorik » kote chak grenn ayisyen dwe pran responsablite yo devan listwa.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Lemonn/Tansyon wo ant Kiba ak Etazini: 4 moun mouri nan yon konfwontasyon sou lanmè.

Ministè Enteryè peyi Kiba anonse mèkredi 25 fevriye 2026 la, yon gwo ensidan ki rive …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager