Leta a sou gwo remaniman ki dwe fèt nan nivo gouvènman an ak nan tèt direksyon jeneral yo. Pandan popilasyon an ap tann siyal klè sou sekirite ak preparasyon eleksyon, gen enfòmasyon ki fè kwè dèyè rido a, se yon batay « manje m mouri » ki ap fèt pou kenbe pòs.
Edisyon oswa taptap politik?
Ofisyèlman, diskou a bèl: yo di chanjman sa yo nesesè pou rann Leta a pi efikas, pou kwape ensekirite a, epi kreye yon anviwonman ki pèmèt òganize eleksyon serye. Men, reyalite a sanble lwen bèl pawòl sa yo. Pou anpil obsèvatè, se yon jwèt chèz mizikal kote yo senpleman deplase moun pou satisfè enterè patisid oswa zanmi politik.
Pandan pèp la ap kwoupi nan mizè ak grangou, kote pri sak diri a ap grenpe 30\%, kesyon an poze: Ki kote priyorite yo ye toutbon?
Eskandal « Twa kay ak milyon »: Lè chèf yo pè pèdi paradi yo
Sa ki pi rèd la, enfòmasyon ki ap soti nan sous serye fè konnen gen yon Direktè Jeneral (DG) nan yon gwo enstitisyon leta ki prè pou li fè nenpòt sakrifis pou li pa pèdi chèz li. Yo pale de yon òf « kado » ki ta gen ladan li twa bèl kay ak plizyè milyon goud bay moun ki gen pouvwa desizyon yo, jis pou li ka rete nan pòs li.
Si koze sa a verifye, sa ta vle di:
Lajan Leta ap gaspiye: Kote yon fonksyonè jwenn mwayen pou li ofri twa kay ak milyon si se pa nan kès Leta oswa nan aktivite dwòl?
Eleksyon yo se yon blag: Si yon moun ap goumen konsa pou yon pòs, se paske li konnen se la « manje » a ye, li pa gen okenn enterè pou peyi a estabilize pou eleksyon fèt.
Kowipsyon an gen rasin pwofon: Sa montre ke chanjman yo ap anonse yo pa baze sou konpetans, men sou kapasite moun nan genyen pou li « arose » moun ki anwo yo.
Ki sa pèp la benefisye?
Pandan gwo chèf yo ap negosye kay ak milyon pou yo pa deplase, manman ak papa pitit nan katye popilè yo pa konn ki sen pou yo rele. Lapolis manke mwayen, lopital yo se simityè, epi lekòl ap fèmen.
Si gouvènman an vle pèp la kwè nan bòn fwa li, fòk li sispann pwoteje moun ki sispèk nan kowipsyon epi mete moun ki gen men yo pwòp nan tèt enstitisyon yo. Sinon, « chanjman » sa yo ap rete yon senp maskarad pou pèmèt yon ti gwoup kontinye souse san nasyon an.
Nan yon peyi kote lajistis ta ap travay, yon Direktè Jeneral ki gen kapasite ofri twa kay pou li rete nan pòs li ta dwe premye moun ULCC (Inite pou Lit Kont Kowipsyon) al rann vizit
Echojounal echojounal.net