8 Mas: Novia Augustin kwè se ak otonomi ekonomik yo ap kase chenn vyolans sou fanm yo

Nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo, estrikti « Refuge Des Femmes D’Haïti » pa te sèlman rete nan bèl pawòl ak seremoni. Anba direksyon prezidant li, Novia Augustin, òganizasyon an pase nan aksyon konkrè pou kore fanm ki ap bat dlo pou fè bè nan ekonomi peyi a.

Pandan yon aktivite ki te rasanble plizyè dizèn fanm vanyan, Novia Augustin fè konnen sitiyasyon peyi a mande plis pase senp diskou. Dapre li, se sèlman lè yon fanm gen mwayen nan men l li ka vrèman lib.

« Nan moman difisil nou ap travèse la a, fanm yo pa bezwen pwomès sèlman. Yo bezwen opòtinite reyèl pou yo leve tèt yo. Se poutèt sa, nou chwazi distribye twous ranfòsman (kits de renforcement) bay fanm komèsan yo », se deklarasyon sa a prezidant lan te fè ak anpil fòs.
A

ksyon sa a, ki jwenn sipò ONU Femmes ak Women’s Peace & Humanitarian Fund, vize pèmèt fanm ki nan ti komès yo relanse aktivite yo ki te frape anba kriz sekirite ak ekonomik la. Pou Refuge Des Femmes D’Haïti, otonomi ekonomik se premye remèd pou konbat frajilite ak tout kalite vyolans fanm yo sibi chak jou.

Mesaj Novia Augustin a te klè: 8 mas pa dwe yon sèl jou fèt, men yon pwen depa pou aksyon ki ap dire. Li ankouraje sosyete a ak otorite yo pou yo sispann gade fanm yo kòm viktim sèlman, men kòm motè chanjman nan kominote yo.

Pandan distribisyon twous sa yo t ap fèt, nou te ka li kontantman sou figi medam benefisye yo ki wè nan jès sa a yon souf pou biznis yo. Se yon fason pou Refuge Des Femmes D’Haïti di byen fò : « Ann transfòme pawòl yo an aksyon. »

 

About Emmanuel Hubert

Check Also

Territoire du Nord : L’Australie face à des inondations records et à la menace des crocodiles

Dans un climat d’urgence absolue, les autorités du Territoire du Nord ont lancé un avertissement …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager