Yon gwo trajedi frape depatman Nò peyi a jodi samdi 11 avril 2026 la. Dapre premye enfòmasyon Direktè depatmantal Pwoteksyon Sivil la, Jean Henry Petit, bay, gen omwen 30 moun ki pèdi lavi yo nan nivo Sitadèl Anri, ki sitye sou tèt mòn Bonèt-alèvèk.
Responsab la fè konnen chif sa a se yon bilan pwovizwa. Operasyon rechèch yo ap kontinye pou jwenn moun ki disparèt yo, sa ki fè otorite yo pè pou kantite viktim yo pa moute pi wo nan lè ki ap vini yo. « Bilan sa a ka vin pi lou paske gen anpil moun nou poko jwenn nouvèl yo », se sa Jean Henry Petit presize.
Jiska prezan, pèsonn pa ka di egzakteman sa ki lakòz dram sa a. Sepandan, moun ki ap viv nan zòn nan kòmanse bay kèk detay sou sa yo wè. Genyen ki pale de ka asfiksi (moun ki pa ka respire), epi gen lòt ki mansyone aksidan ki rive nan mitan foul la nan kondisyon ki poko fin klè.
Plizyè kadav, ki se jèn moun pou pifò, deja rive nan lopital Sakre-Kè nan vil Milo. Fanmi ak zanmi te kouri pote yo nan ijans nan espwa yo te ap jwenn swen, men malerezman anpil ladan yo te gentan rann dènye souf yo.
Yon temwen nan zòn nan, ki mande pou yo rete pridan sou chif yo, fè konnen trajedi sa a, ki rive pandan yon randone, ka lakòz jiska 70 moun pèdi lavi yo.
Sitiyasyon an ap evolye de minit an minit. Nou ap kontinye suiv otorite yo ak sekou yo pou nou pote plis presizyon sou gwo malè sa a ki frape moniman istorik nou an.
Echojounal echojounal.net