Sware madi 14 avril 2026 la te gen anpil gwo dlo nan je pou sipòtè klèb FC Barcelone yo, pandan bò kote pa yo, fanatik Paris Saint-Germain (PSG) ap fete ak gwo kout tanbou. Nan yon match retou ki te kenbe souf tout moun, klèb katalan an wè rèv li kaba, pandan PSG menm valide biyè li pou kare as la.
Apre yo te fin pèdi match ale a (2-0), FC Barcelone te gen gwo espwa pou yo fè yon « Remontada » lakay yo. Match la te kòmanse ak anpil chalè kote jèn zetwal Lamine Yamal te rive louvri nòt la depi nan 4yèm minit jwèt la. Malgre gwo presyon sa a ak yon viktwa (2-1) aswè 14 avril 2026 la, sa pa te ase pou sove yo.
Avèk yon eskò total (3-2) sou de match yo an favè Atlético Madrid, se klèb madrilèn nan ki ap kontinye wout la. Pou Barcelone, se yon gwo kou di paske yo elimine nan faz ka de final la ankò, sa ki kite yon gou anmè nan bouch antrenè Hansi Flick ak tout pèp katalan an.
Nan lòt match la ki te ap jwe an Angletè, Paris Saint-Germain montre tout moun yo gen vizaj yon chanpyon. Apre yo te fin genyen match ale a (2-0), Parisiens yo al konfime dominasyon yo sou teren Liverpool la.
Match la te sere anpil jouk nan fen dezyèm mitan an, kote ansyen jwè Barcelone nan, Ousmane Dembélé, te parèt kòm sovè. Dembélé make de gòl (youn nan 72yèm minit ak yon lòt nan fen match la) pou bay PSG yon viktwa klè (2-0) sou teren Anfield la. Avèk yon eskò total (4-0), PSG kalifye ak anpil otorite pou demi-final la.
FC Barcelone soti tèt ba malgre yo te genyen match aswè a, men defèt nan match ale a te twò lou pou yo te remonte.
Atlético Madrid pwouve yon fwa ankò ke defans yo se yon miray ki difisil pou kraze.
Jounen mèkredi 15 avril 2026 la nou ap konnen lòt ekip ki pwal jwenn yo nan demi-final la apre gwo chòk ant Real Madrid ak Bayern Munich.
Echojounal echojounal.net