Ayiti/Kafou/Aksidan: De (2) moun mouri ak plizyè blese nan yon gwo aksidan nan Bizoton.

‎Yon gwo aksidan sikilasyon ki rive nan zòn Bizoton, nan komin Kafou, lakòz de (2) moun pèdi lavi yo ak plizyè lòt blese grav nan lannwit jedi 7 me 2026 la.

‎Daprè premye enfòmasyon ki disponib, malè a rive lè yon machin, chofè a te pèdi kontwòl li, te al frape yon foul moun ki te bò wout la. Pami viktim yo, gen moun ki te ap mache apye ak machann ki ap vann bò lari a ki pran gwo frap anba veyikil sa a.

‎Temwen ki te sou plas rapòte sèn nan te vrèman rèd. Veyikil la frape moun sa yo ak yon gwo fòs, sa ki lakòz de moun mouri sou kou. Moun ki blese yo te transpòte an ijans nan lopital ki pi pre yo pou yo te ka jwenn swen nesesè.

‎Aksidan sa a rive nan yon zòn kote anpil ti machann konn enstale yo toupre chosye a pou yo fè komès yo. Sitiyasyon sa a, ki se yon reyalite nan anpil zòn nan komin Kafou, rann pyeton yo ak machann yo pi frajil lè gen pwoblèm fren oswa move manèv chofè nan lari a.

‎Pou kounye a, otorite yo poko bay detay sou sa ki lakòz aksidan sa a tout bon vre, ni yo poko idantifye chofè a ki te dèyè volan an.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Kidnapin: Kidnapin lan tounen pi rèd, yon polisye ak pitit li tonbe anba grif kriminèl

Pandan popilasyon an te ap espere yon souf anba zak vyolans yo, reyalite a vin …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager