AYITI/ESPÒ: AYITI RACHE BIYÈ KALIFIKASYON LI POU DEZYÈM FAZ ELIMINATWA JO 2020 YO.

Seleksyon nasyonal fanm nan konnen yon dezyèm viktwa pou dezyèm soti yo nan kad match eliminatwa Jo 2020 yo apre viktwa yo sou ekip Potoriko a (1-2) pou lannwit 7 oktòb 2019 la.

Byen bonè nan match la, nan 12′ Mikerline Saint Felix ta pral make pou Ayiti e mete match la (0-1), A.Diaz ta pral egalize pou Potoriko nan 24′ e mete la (1-1). Melchie D. Dumornay ta pral bay Ayiti viktwa a nan 84triyèm minit match la e mete li (1-2).

Viktwa sa pèmét Ayiti fini nan premye plas gwoup C ak 6 pwen sou 6 li make 12 gòl pou yon grenn yo pran. Pou premye soti Ayiti li te bat Surinam (10-0).

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …