Nan istwa foutbòl ayisyen an, gen non ki rezone tankou kout kòn simbi, e jodi a, non Frantzdy Pierrot se youn nan pi gwo senbòl fyète pou yon pèp ki ap chèche espwa. Atakan gwo bous pou nasyonal la, ke anpil moun rele « Haitian Lukaku » poutèt fòs fizik li ak fason li brize defans advèsè, gen yon pakou ki pa te fasil men ki montre detèminasyon yon vrè Grenadye.
Frantzdy Pierrot fèt 29 mas 1995 nan vil Okap (Cap-Haïtien), nan nò peyi Dayiti. Se la li te kòmanse tape boul pye atè nan lari, tankou pifò timoun ayisyen ki gen pasyon pou espò. Lè li te gen 11 an, fanmi li kite Ayiti pou yo al enstale yo Ozetazini, nan zòn Boston (Melrose, Massachusetts).
Malgre chanjman lang ak kilti, se foutbòl ki te sèvi li pon pou li entegre li nan nouvo sosyete sa a. Li briye nan lekòl segondè ak nan nivo inivèsite (Northeastern University ak Coastal Carolina University), kote gwo fòs fizik li (1m94) ak ladrès li devan gòl te fè anpil moun sispann gade.
Pakou nan Club: Chwa kourajeuz ak Chimen EwòpAn 2018, ekip MLS la, Colorado Rapids, te chwazi Pierrot nan « draft » la. Men, jèn gason an te pran yon desizyon ki te siprann anpil moun: li te refize kontra a pou li al chèche chans li an Ewòp, paske li te vle jwe nan nivo ki pi wo posib.
Gade gwo moman nan karyè li nan klèb: Bèljik (Mouscron – 2018): Se la li siyen premye kontra pwofesyonèl li, kote li te kòmanse montre jan li konn sèvi ak tèt li ak kò li pou li make gòl.
Lafrans (Guingamp – 2019-2022): Nan Lig 2 an Frans, Pierrot vin tounen yon machin gòl. Li make 28 gòl nan 76 match, sa ki te pouse gwo klèb vin frape nan pòt li.
Izrayèl (Maccabi Haifa – 2022-2024): Se nan klèb sa a li ekri paj listwa ki pi klere a. Li te vin tounen premye Ayisyen ki make nan faz kalifikasyon UEFA Champions League e li te jwe nan faz gwoup yo kont gwo tonton ekip tankou PSG, Juventus ak Benfica. Li genyen tou de tit nan peyi sa a.
Grès ak Tiki (AEK Athens / Rizespor – 2024-2026): Apre yon bèl pasaj nan AEK Athens kote li te vin pi gwo transfè klèb la, li te jwe sou fòm prè nan klèb Çaykur Rizespor nan premye divizyon peyi Tiki.
Si nan klèb Pierrot fè non li, nan seleksyon nasyonal Ayiti a (Grenadye yo), li se yon lejand vivan. Depi premye fwa li mete mayo ble ak wouj la an 2018, li tounen poto mitan atak la.
Avèk plis pase 50 aparisyon ak plis pase 34 gòl pou peyi l, li deja plase nan mitan pi gwo bitè nan tout istwa foutbòl ayisyen an. Li te lidè nan bèl pakou Ayiti te fè nan Gold Cup 2019 (kote nou te rive nan demi-final) ak nan gwo kanpay kalifikasyon yo. Pèfòmans li yo ak lidèchip li fè gouvènè eta Massachusetts la te menm deklare yon jounen ofisyèl pou li: « Frantzdy Pierrot Day » nan mwa me 2026.
« Lè m gade kote chimen mwen te kòmanse, pye atè nan lari an Ayiti, epi mwen wè kote mwen ye jodi a… se yon santiman mwen pa ka eksplike. » Frantzdy Pierrot.
Pandan nou ap pale a, atakan Okap la ap kontinye pote rèv yon nasyon sou zepòl li, ki ap voye yon limyè pozitif sou Ayiti atravè mond lan ak chak grenn gòl li make.
Echojounal echojounal.net