Nouvo dekrè elektoral gouvènman tranzisyon an pibliye a bay yon gwo kout kouto nan endepandans Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP). Pandan kriz politik la ap fini ak peyi a, Primati a chwazi mete yon estrikti an plas ki klèman fèt pou li kontwole pwochen eleksyon yo, nan rache tout ti rès pouvwa konseye elektoral yo te genyen bay yon Direktè Jeneral (DG) ki sou lòd dirèk Premye Minis defakto a. Enstalasyon Uder Antoine nan tèt Direksyon Jeneral sa a vin konfime sispisid sa yo.
Nan lekti dokiman an, sa nou wè a se pa yon senp refleksyon administratif : se yon veritab koudeta enstitisyonèl anndan KEP a kote yo tounen konseyè yo an mannken san podon.
Dekrè sa a kreye yon pòs Direktè Jeneral ki gen plis pouvwa pase enstitisyon an li menm. Men kote rejim nan pase pou li fèmen pyèj la sou pwosesis elektoral la :
Dwa destitisyon : Kounye a, si yon konseyè manke twa reyinyon youn dèyè lòt, se DG a sèl ki ap gen pouvwa pou deside epi deklare konseye sa a bay demisyon li. Yon mwayen fasil pou Primati a mete deyò nenpòt konseye ki ta vle parèt twò endepandan.
Yon Konsèy Administrasyon pou nwaye konseye yo : Pi gwo otorite KEP a pa nan men konseyè yo ankò, li pase nan men yon « Konsèy Administrasyon » kote DG a chita kòm mèt ak tèt ansanm ak konseye yo. Pi rèd la, si konseye sa a ta vin kase, se DG a sèl ki ap jere tout enstitisyon an.
Mizankaj sou rezilta yo : Sa ki pi grav la, dekrè a bay DG a responsabilite pou li pwoklame rezilta pasyèl ak definitif eleksyon yo. Anvan sa, se te travay eksklizif konseyè yo ki te dwe soti nan konsansis sektè ki te voye yo a. Kounye a, se moun Premye Minis la ki ap gen dènye mo sou kilès ki genyen oswa ki pèdi.
Lè yon gouvènman defakto chwazi bay yon sèl moun li nonmen dwa pou li deside sou prezans konseye yo epi bay rezilta eleksyon, li pa nan prepare eleksyon ankò, li ap prepare yon pasaj fòs.
Jiskaske rive dimanch sa a, konseyè elektoral yo pa pouse yon mo, yo fèmen bouch yo devan gwo kout sizo sa a yo bay nan pouvwa yo. Silans sa a montre kouman mesye dam sa yo deja pèdi filistre oswa yo chwazi aksepte yon wòl senbolik pou pwoteje enterè pèsonèl yo.
Lè nou konsidere jan sitiyasyon politik la deja sou tansyon nan peyi a, desizyon gouvènman an pou li mete KEP a anba pye li ap vin pouse kriz pre-elektoral la nan yon nivo kote okenn aktè serye p ap kapab fè pwosesis sa a konfyans. Olye pou dekrè sa a ta pote solisyon ak estabilite, li vin mete gwo kout sispisid sou kredibilite pwochen bilten vòt yo, anvan menm yon sèl grenn bwat vòt deplwaye sou teren an. Rejim defakto a chwazi wout kontwòl total la, yon chwa ki riske limen plis dife nan kriz Ayiti a.
Echojounal echojounal.net