Nan yon match metriz total kote yo pa te kite anyen pase, seleksyon nasyonal Lespay la (« La Roja ») bay Lafrans yon leson foutbòl ak yon viktwa klè (2-0) nan premye demi-final koup dimond 2026 la, ki te jwe nan Dallas Stadium. Avèk siksè sa a, gason Luis de la Fuente yo jwenn tikè yo pou yo al jwe gran final la kote yo ap tann swa Angletè, swa Ajantin.
Depi lè arbit la bay kout siflèt la, se Lespay ki te pran kontwòl jwèt la nan mitan teren an gras ak yon Rodri ki te mèt jwèt la ak yon Cucurella ki te gen yon enèji san limit nan liy dèyè a.
Presyon sa a ta pral bay rezilta rapid rapid:
22yèm minit (1-0): Sou yon aksyon byen rapid, defans franse a komèt yon fot nan bwat la. Abit la montre pwen penalite a san ezite. Mikel Oyarzabal prezante devan Mike Maignan, li tire boul la byen fò epi li mete li nan fon privye pou l louvri nòt la.
Lafrans, ki te gen Kylian Mbappé kòm kòmandan, te parèt san fòs epi yo pa te ka jwenn okenn espas pou kreye danje tout bon vre nan mitan teren panyòl yo ki te bloke tout aks.
Nan dezyèm mitan an, Lafrans te montre lu vle reyaji, men jwèt kolektif « La Roja » a te twò fò.
58yèm minit (2-0): Sou yon bèl aksyon konbinezon kote Dani Olmo te jwe yon ròl enpòtan nan mitan an, Pedro Porro antre nan bwat la sou kote dwat la, li fè yon bèl youn-de ak Olmo, epi li voye yon bèl kout pye ki pa kite okenn chans pou Maignan. Yon dezyèm gòl ki koupe souf franse yo nèt.
Lafrans te eseye fè kèk chanjman, tankou antre Désiré Doué ki te manke redwi nòt la sou yon aksyon kote Unai Simón te soti nan kazèn li, men gadyen panyòl la te fè yon bèl parad pou sove sitiyasyon an. Jwèt la fini (2-0) an favè Lespay ki te mèt tèt yo nèt sou teren an.
Apre gwo viktwa sa a, Lespay ap tounen nan gran final yon koup dimond pou premye fwa depi lane 2010. Yo pral chita byen konfòtab pou gade lòt demi-final la kote yo pral konnen ki moun yo ap afronte ant Angletè ak Ajantin pou yo ka chache dezyèm zetwal sou mayo yo a.
Echojounal echojounal.net