Pandan tout je fikse sou gwo final la, gen yon lòt batay ki pral fèt nan Florid. De (2) gwo jeyan foutbòl ewopeyen an, Lafrans 🇫🇷 ak Angletè 🏴, pral kwaze kòdon lonbrik yo pou match twazyèm plas la nan Mondyal 2026 la. Apre de desepsyon trajik nan demi-final kote Lafrans tonbe devan Lespay epi Angletè pèdi kont Lajantin, de ekip sa yo gen obligasyon pou yo sove onè yo epi fini bèl avanti sa a ak yon nòt pozitif.
Match sa a gen yon gou espesyal tou pou seleksyonè franse a, Didier Deschamps, paske se pral dènye match li sou ban « Les Bleus » la apre yon gwo karyè rich.
Match sa a ap jwe nan Hard Rock Stadium ki sitiye nan vil Miami Gardens, nan leta Florid. Pou dirije dezekilib sa a, FIFA chwazi yon kò abit ki gen eksperyans:
Abit Prensipal: Jesús Valenzuela (Venezyela)
Asistan yo: Jorge Urrego ak Tulio Moreno (Venezyela)
Katriyèm Abit: Jalal Jayed (Mawòk)
Istwa ant de (2) nasyon sa yo long anpil nan foutbòl. Nan tout konpetisyon konfondu (match amikal ak match ofisyèl), Lafrans ak Angletè gen yon total 32 match yo jwe yonn kont lòt nan istwa yo.
Men ki jan estatistik yo prezante:
Viktwa pou Angletè: 17 fwa
Viktwa pou Lafrans: 10 fwa
Match Níl: 5 fwa
Malgre Angletè gen avantaj sou liy global la, istwa resan nan Koup dimond lan bay Lafrans avantaj. Nan chòk ki pi resan yo nan yon Koup Dimond (nan ka de final nan peyi Kata an 2022), se Lafrans ki te elimine « Three Lions » yo ak yon nòt 2-1.
De (2) ekip sa yo te fè yon bèl wout anvan yo te tonbe nan dènye kare a:
🇫🇷 Pakou Lafrans
Kylian Mbappé ak kanmarad li yo te kòmanse ak anpil fòs. Apre yo fin pase faz gwoup la san twòp pwoblèm, yo te elimine gwo moso nan faz eliminatwa dirèk yo (16yèm de final, 8yèm de final, ak ka de final) gras ak yon defans solid ak gwo moso talan endividyèl. Malerezman pou yo, yo te jwenn zo nan bouch yo nan demi-final la devan yon ekip Lespay ki te pi reyalis.
🏴 Pakou Angletè
Ekip Thomas Tuchel la (ki pran tèt Angletè pou misyon sa a) te montre anpil karaktè. « Three Lions » yo te jere moman difisil yo byen, sitou nan pwolongasyon ak seyans choutgòl nan faz eliminatwa yo. Jude Bellingham ak Harry Kane te pote ekip la sou do yo jouk nan demi-final la, kote yo te rann zam yo devan gwo fòs anba gwo lidèchip Lionel Messi ak ekip Ajantin an.
Echojounal echojounal.net