Yon epidemi ap touye bèf nan Dammari: Moun ki manje vyann lan ap soufri ak gwo doulè vant.

Laperèz ak enkyetid ap travèse komin Dammari kote yon maladi ki ap miltipliye ap touye anpil bèf nan zòn nan. Sitiyasyon an vin pi grav paske plizyè abitan ki te konsome vyann bèf sa yo ki mouri deja kòmanse resanti gwo doulè nan vant, sa ki leve yon gwo alèt sou sante popilasyon an.

​Fas ak sitiyasyon sa a ki riske vire an katastrof, Ernst Rotyllay Dirette lanse yon apèl ijan bay otorite konsène yo pou yo pran dispozisyon ki nesesè pou yo ka jwenn kòz maladi sa a touswit, nan lide pou evite pi gwo domaj.

​Jan Ernst Rotyllay Dirette lonje dwèt sou sa, se yon devwa pou Ministè Agrikilti ansanm ak Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) voye ekip espesyalize rapidman sou teren an. Misyon ekip sa yo dwe se idantifye maladi a epi anpeche l pwopaje, paske zannimo yo reprezante preske tout bagay pou kiltivatè yo.

​« Betay la se tankou kaye labank peyizan yo, » se konsa Ernst Rotyllay Dirette konkli deklarasyon l lan, pou li fè tout moun konprann enpòtans ekonomik ak sosyal zannimo sa yo genyen nan lavi peyizans la. Yon entèvansyon rapid otorite yo nesesè non sèlman pou pwoteje lavi moun yo, men tou pou sove sa ki rete nan chèptèl la ki se sèl resous anpil fanmi nan zòn lan.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Crise de leadership à RASANBLE : Quand la légalité administrative s’oppose à la contestation interne

La formation politique RASANBLE traverse une zone de turbulences institutionnelles majeure. Au cœur d’une bataille …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager