Peyizaj politik ak kiltirèl peyi Nòvèj la sibi yon gwo kou ak nouvèl lanmò Wa Harald V, ki mouri jodi vandredi 28 out 2026 la. Monak la rann dènye souf li nan Lopital Nasyonal Oslo a ak 89 lane sou tèt li, daprè sa yon kominike Palè Wa a rann piblik.
Souveren an te ap goumen depi kèk tan ak yon maladi sa yo rele anemi emolitik, yon kondisyon kote sistèm iminitè a detwi pwòp globil wouj li yo pi vit pase sa li kapab pwodwi. Se konplikasyon maladi sa a ki vin febli sante li nèt nan dènye mwa sa yo.
Harald V te moute sou fotèy wa a nan mwa janvye 1991 apre lanmò papa l, Wa Olav V. Li te pi gran monak ki te toujou sou pouvwa nan tout kontinan Ewòp la. Pandan plis pase 35 ane li pase sou fòtèy la, li te genyen kè pèp nòvèjyen an gras ak pèsonalite senp li, modènite l, ak devouman l pou peyi l.
Premye Minis nòvèjyen an, Jonas Gahr Støre, rann yon gwo omaj bay sovren an epi li dekri lanmò sa a tankou « yon gwo pèt pou tout nasyon an ». Depatman gouvènman an mande pou tout drapo nan peyi a moute jiska mwatye ma pou make dèy nasyonal la.
Daprè regleman konstitisyonèl yo, pitit gason l lan, Pwens eredite Haakon (ki gen 53 lane kounye a), pran tèt peyi a touswit epi li devni nouvo Wa Nòvèj la anba non Haakon VIII.
Nasyon an ap tann kounye a pou Palè Royal la bay presizyon sou kalandriye seremoni ak obsèk nasyonal ki pral òganize pou rann Wa Harald V yon dènye omaj.
Echojounal echojounal.net