AYITI/SEREMONI: JÈN NAN PON WOUJ RANN PAPA NASYON AN YON OMAJ POU 213 LANE LANMÒL.

Jounen 17 oktòb 2019 kise 213èm anivèsè asasina lanmò Jean-Jacques Dessalines nan pon wouj nan lane 1806 apre li te fin libere nasyon Ayisyèn nan anba esklavaj kolon blan Fransè.

Jèn nan pon wouj pandan absans prezidan repiblik la pou gwo jou sa pwofite moman pou kotize e mete tèt ansanm pou arive pran yon jèn ak yon granmoun nan zòn nan pou rive depoze de (2) jèb flè anba moniman papa Dessaline nan kise papa yo.

Yon jès jèn sa yo rive fè nan non tout pèp Ayisyen an pou pa kite ewo nasyon an wont devan lemond malgre yo konnen peyi a ap travèse yon moman difisil.

Nadiajean2015@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …