Nan yon deklarasyon ki pibliye sou rezo sosyal X sa a, jounalis Djovany Michel, ki se Sekretè jeneraal Rezo ayisyen jounalis anti-kòripsyon an (RHAJAC), voye yon gwo kout pye nan panyen krab la. Li denonse ak fòs yon rezo kriminèl ki ta ap sèvi ak komès konsik (anguilles) pou fè plizyè kalite trafik ilegal nan peyi a, tankou trafik ògàn moun.
Daprè deklarasyon Djovany Michel, John Colem Morvan ta rekrite espesyalman pou atake li ak objektif pou fè li fè silans chak fwa li mande pou limyè fèt sou dosye sa a.
Tansyon ant de gason sa yo pa dat jodi a. Sekretè jeneral RHAJAC la fè konnen pwoblèm nan gen sous li depi nan ane 2023, lè li te denonse Micatin Morvan — ki se frè John Colem Morvan — nan yon dosye vòl ak eskrokeri sou platfòm MonCash la.
Djovany Michel al pi lwen pou li fè konnen John Colem Morvan gen yon lyen trè sere ak politisyen Moïse Jean-Charles, e se rezo sa a ki ta ap sèvi avèk li pou eseye reprime travay jounalis li a. Li akize Morvan tou kòm moun ki konn pwomèt moun ki nan trafik dwòg pou li ede yo toufe dosye yo nan lajistis.
Dosye sa a pran yon lòt dimansyon lè nou konsidere rapò Nasyon Zini te voye bay Konsèy Sekirite a nan mwa fevriye 2025. Rapò sa a te deja rapòte kouman rezo kriminèl yo ap sèvi ak sektè konsik la pou fè aktivite ilegal ak blanchi lajan sal.
Sèvi ak done sa yo, Djovany Michel mande pou òganizasyon entènasyonal la pibliye non tout moun ki enplike yo san kache anyen, epi pou yo pran gwo sanksyon kont yo.
Oganizasyon RHAJAC sispèk plizyè gwo non nan sosyete a ak nan politik la tankou Moïse Jean-Charles, Betty Lamy, Walson Sanon ak Fritz Richardson Junior, kòm moun ki ta ap itilize sektè konsik la pou kouvri :
* Trafik kokayin
* Blanchiman lajan
* Trafik ògàn moun
« Dosye sa a pa ka antere »
Malgre menas lanmò l ap resevwa, presyon nan nivo lajistis ak divès kanpay difamasyon ki monte kont li, Djovany Michel deklare li pa gen entansyon fè bak. Li reyafime determination li pou li kontinye batay sa a jiskaske tout laverite rann piblik.
Pou jounalis la ak RHAJAC, dosye sa a reprezante yon gwo rezo kriminèl entènasyonal ki pa dwe rete san pinisyon. Batay la fenk kòmanse.
Echojounal echojounal.net