Kenskòf/Dèy: Lanmò sibit majistra Massillon Jean, yon gwo mapou ki te ap goumen pou sekirite popilasyon an.

Moun nan komin Kenskòf leve jwenn yon nouvèl ki tris e ki fè sezi tout moun : majistra komin lan, Massillon Jean, mouri sibitman jounen vandredi 9 oktòb 2026 la apre li te fin sibi yon gwo malèz, dapre sa fanmi l ak pwòch li konfime.

Dapre premye enfòmasyon ki soti nan zòn nan, majistra a te kòmanse santi l pa byen nan aprè midi a. Malgre efò ki te fèt pou kouri avè l nan yon sant sante, li pa te gen tan rive vivan

Li te konnen kòm yon responsab ki pa te pè afwonte. Nan dènye jou li yo, li te kontinye fè tande vwa l san rete nan medya yo ak bò kote otorite santral yo pou mande ranfò ak sipò pou lapolis lokal la, pou anpeche bandi ame yo kontinye pèsekite moun, boule kay ak bloke fèmye yo ki pa kapab desann vann pwodui yo.

« Li te batay ak tout kè l jouk nan dènye moman yo pou Kenskòf pa te tonbe nan men bandi. Li te toujou bò kote pèp la, » dekri yon abitan nan zòn nan ak dlo nan je.

.Lanmò sibit sa a kite yon gwo vid nan administrasyon kominal la ak nan mitan yon popilasyon ki te wè nan li yon ranpa ak yon lidè ki te ap goumen pou trankilite yo. Pou kounye a, komin nan plonje nan dèy pandan tout moun ap tann detay sou seremoni pou rann li yon dènye omaj ki merite batay li a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Donald Trump décerne la Médaille nationale de la science à Elon Musk

Lors d’une cérémonie officielle organisée dans le cadre de la promotion de l’innovation américaine, le …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager