‎Ayiti/Eleksyon: Ajan Egzekitif Enterimè yo gen limit jedi pou yo demisyone san dat eleksyon

Nan yon moman kote peyi a ap tranble anba yon kriz miltifaktoryèl, se chak jou Bondye beni ki ap pote lòt kontradiksyon nan tèt Leta. Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal (MICT) fè konnen ajan egzekitif enterimè ki ta vle kouri dèyè yon pòs nan pwochen eleksyon yo dwe demisyone anvan dat jedi 15 oktòb 2026 ki ap vini an, tout sa dapre sa atik 388 dekrè elektoral la mande. Men, kesyon tout moun ap poze a se sa: ki jan pou ou ta egzije Yon moun demisyone pou yon eleksyon pèsòn pa konnen ni jou ni lè li ap fèt?
‎
‎Mezi sa a mete plizyè dizèn ajan egzekitif enterimè nan yon sitiyasyon konplètman konplike. Yo jwenn yo kenbe ant de gwo wòch: si yo rete nan pòs yo, yo pèdi dwa pou yo nan konpetisyon an; men si yo demisyone jan ministè a mande l la. yo lib, san okenn asirans sou yon kalandriye elektoral serye. Sa montre aklè jan pouvwa an plas la ansanm ak Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) ap navige. Yo pran desizyon avèg san yo pa bay pèp la okenn vizibilite sou lavni politik peyi a.

‎Sa ki pi rèd toujou, se menm minis enteryè a, Paul Antoine Bien-Aimé, ki siyen nòt sa a pou mande majistra yo bay demisyon yo, pandan li menm ak lòt manm gouvènman an te deja siyen yon arete pou nonmen kòm ajan egzekitif enterimè yon moun rapò ekspè Nasyonzini yo lonje dwèt sou li kòm bandi.
‎
‎Kidonk, pandan yo ap sèvi ak lalwa yon fason sevè pou mete presyon sou otorite lokal yo, yo menm anwo a ap fè fas ak akizasyon grav sou fason yo ap distribye pòs nan Leta a bay moun ki gen rapò ak zak kriminèl. Kontradiksyon sa a montre klèman ki jan moralite ak etik nan jesyon konkou piblik la tonbe byen ba.
‎
‎Lè ou gade fason yo ap jere kesyon eleksyon yo, se demagoji ki ap dirije nan somè leta a. Sitwayen yo gen tout dwa pou yo mande ki kote peyi a prale lè desizyon yo pran plis sanble ak kout pye nan fènwa pase ak yon volonte reyèl pou rebati demokrasi a. Si otorite yo vle pou pèp la kwè nan yo, yo dwe montre plis koyerans, transparans ak respè pou lwa peyi a.

‎

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Kriz Politik: Kominote Entènasyonal la Fèmen pòt sou Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a ak Dekrè Eleyoral la.

Pwosesis eleksyon an nan peyi a pran yon gwo kout fren epi li riske pa …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager