Prezidan peyi Salvador, Nayib Bukele, reponn san deplase chèf gang « 400 Mawozo » a, Wilson Joseph ki plis konnen sou non Lanmò 100 Jou. Repons sa a vini touswit apre yon videyo chèf gang nan te pibliye sou rezo yo, kote yo te wè li ap fè yon seri seremoni — tankou vide Florida ak kleren sou zàm kèk nan bandi li yo pou chache pwoteksyon mistik ak sipò espri yo.
Apre piblikasyon videyo sa a, prezidan salvadoryen an pa te pran tan pou li te bay pozisyon li sou kont X li. Bukele kalifye gang ayisyen yo dirèkteman kòm gwoup « satanik », epi li deklare piblikman ke kriminèl sa yo ap fè sakrifis moun. Pou li menm, batay ki ap mennen kont gang sa yo se pa yon senp operasyon polis oswa militè sèlman, men se yon gwo goumen espirityèl ant sa ki bon ak sa ki mal.
Nan diskou l la, Bukele konfime ke li konfye misyon fòs sekirite yo nan men Bondye, epi li gen konfians ke « Kreyatè inivè a » ap bay laviktwa sou bann kriminèl sa yo. Pou moun ki ta gen dout oswa ki ap kritikè fason li ap jere dosye sa a, chèf deta salvadoryen an te dekole yon mesaj ki klè: moun ki pa kwè yo va rive chanje lide pi devan lè yo wè rezilta yo.
Deklarasyon sa yo fèt nan yon moman kote gen yon kontenjan militè ak fòs espesyal Salvadò ki deja deplwaye sou tè Dayiti. Sòlda sa yo ap patisipe nan gwo operasyon rechèch ak sekirite nan zòn Santo, ki se yon teritwa kote gang 400 Mawozo a te konn fè lalwa, nan lide pou yo jwenn kat sòlda ki te pote disparèt depi 18 oktòb la.
Avèk repons sa a, Nayib Bukele reyafime pozisyon fèm gouvènman l lan pou li kontinye mete men nan batay kont ensekirite a nan peyi a pandan li ap sèvi ak menm metòd ak menm diskou « mano dura » (men di) ki te ba l popilarite nan peyi li.
Echojounal echojounal.net