Yon nouvo etap franchi nan kriz sekirite ki ap sakaje peyi Dayiti a. Pòt-pawòl Nasyon Ini yo konfime yo resevwa yon lèt ki soti nan men Wilson Joseph, ki pi konnen sou non « Lanmò San Jou », chèf gang « 400 Mawozo ». Nan dokiman sa a ki pote dat 1er novanm 2026 e ki te voye bay Sekretè Jeneral ONU an, António Guterres, chèf bandi a mande pou kominote entènasyonal la vin fè medyasyon epi voye yon delegasyon pou fasilite yon dyalòg ant fòs entènasyonal yo ak gwoup pa l la.
Daprè detay ki soti nan Nasyon Ini, demann sa a rive touswit apre deplwaman militè salvadoryen yo sou tè peyi Dayiti, nan yon moman kote presyon an ap ogmante sou gwoup ame yo sou pote boure prezidan Salvador a, Nayib Bukele. Nan lèt la, Wilson Joseph di li pare pou l chita pale nan lide pou jwenn yon solisyon pasifik ak kriz la. Men, pòt-pawòl ONU an te prese fè limyè: lefèt ke yo resevwa lèt la pa vle di okenn fason yo apwouve sa ki ladan l, ni sa pa bay chèf gang lan okenn rekonesans legal oubyen diplomatik.
Reaksyon peyi Etazini pa te pran tan pou rive. Ambasadè ameriken nan Nasyon Ini, Mike Waltz, frape pye l atè sou rezo sosyal yo pou li bay pozisyon Washington. Li di li pa te janm espere wè yon kout plim konsa nan men yon chèf gang ayisyen, epi li fikse kondisyon yo san detou: okenn chita-tande pa posib toutotan kriminèl yo ap kontinye teworize moun.
Dapre Mike Waltz, anvan yo pale de nenpòt ki medyasyon, chèf gwoup ame yo dwe alafwa mete yon fen nan atak sou fòs entènasyonal yo, sispann vyolans sou Polis Nasyonal la (PNH), epi kaba tout egzaksyon yo ap komèt sou popilasyon sivil la.
Pou rapèl, Wilson Joseph se yon kriminèl lajistis ameriken di yo ap chèche depi lontan pou dosye konplo ak pran moun an otaj. Leta ameriken te mete yon rekonpans ki rive jiska yon milyon dola ameriken pou nenpòt moun ki ta bay enfòmasyon ki kab pèmèt yo mete men sou li. Gwoup « 400 Mawozo » a gen sou konsyans li plizyè gwo zak kriminèl, pami yo kidnape 17 misyonè kretyen (16 ameriken ak yon kanadyen) nan mwa oktòb ane 2021.
Antre jwèt militè salvadoryen yo ak pozisyon fèm diplomasi ameriken an montre klèman pòt dyalòg yo rete sèke pou kriminèl ki ta vle sèvi ak medyasyon pou chape anba aksyon lajistis.
Echojounal echojounal.net