Etazini pa gen okenn militè ki ap patisipe dirèkteman nan operasyon sòlda salvadoryen yo ap mennen sou tè peyi Dayiti, men yo ap ede prezidan Nayib Bukele nan demach li yo. Se deklarasyon sa a sekretè deta ameriken an, Marco Rubio, fè dimanch 8 novanm 2026 la.
Dapre chèf diplomasi amerikèn an, li vrèman enpòtan pou gen yon mekanis kowòdinasyon ak deseskalad ant divès fòs ki sou teren an. Dispozisyon sa a nesesè pou evite move konpreyansyon ak aksidan kote fòs yo ta ka pran youn pou lòt tankou ènmi.
Marco Rubio clarifye tou pou li di pa gen okenn konfli ni okenn tansyon ant diferan fòs ki ap opere nan peyi a. Wol Etazini nan dosye sa a se sitou yon sipò diplomatik ak lojistik pou asire operasyon yo dewoule ak plis sekirite ak efikasite.
Echojounal echojounal.net