Lendi 9 novanm 2026 sa, nan Karibe Convention Center, Konsèy Electoral Pwovizwa (KEP) ansanm ak Ministè Kondisyon fanm ak Dwa Fanm (MCFDF), Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) ak ONU Fanm, lanse yon estrateji kominikasyon ak mobilizasyon pou mete aksan sou fòs ak plas fanm nan lavi politik peyi a.
Inisyativ sa a, ki jwenn sipò espesyal peyi Meksik ak Espay, pote tèm : « Pa gen demokrasi san fanm ». Objektif la klè : fè respekte kota 30% konstitisyonèl la ki mande pou gen reprezantasyon fanm nan tout nivo nan pouvwa a, sansibilize fanm yo sou dwa politik yo, epi konbat tout fòm entimidasyon, asèlman ak move enfòmasyon ki ap eseye anpeche yo pran plas yo.
Pwojè sa a prevwa travay nan plizyè direksyon pou touche popilasyon an toupatou nan peyi a :
Kominikasyon ak enfòmasyon : Fè kanpay konsyantizasyon sou enpòtans patisipasyon fanm nan desizyon politik yo ak tout kad legal ki pwoteje yo.
Mobilizasyon ak sansibilizasyon : Angaje kominote yo atravè aktivite dirèk ak sitwayen yo.
Ranfòsman kapasite : Bay moun yo zouti ki nesesè pou yo ka aji ak konfyans.
Pou asire estrateji sa a pote rezilta vizib, plizyè aktivite deja nan planifikasyon :
1- Òganizasyon fowòm politik ak anpil deba nan inivèsite yo.
2- Desann ak karavàn kominotè ak atelye rejyonal pou mete aksan sou lidèchip fanm ak lwa elektoral la.
3- Mete an plas yon sistèm sipò ak fòmasyon espesyal pou avoka ki ap la pou ankadre ak defann elektris ak kandida yo kont nenpòt abi oswa vyolasyon dwa yo.
Inisyativ sa a montre volonte pou konstwi yon demokrasi kote tout vwa konte, epi kote fanm ayisyèn yo jwenn tout plas yo nan konstriksyon avni politik peyi a.
Echojounal echojounal.net