AYITI/KILTI: ANBA PIKAN NAN KWADÈBOUKÈ SELEBRE DIZYÈM (10ÈM) LANE FESTIVAL LI.

Hubermane DUMANE kise (Captain Gym), yon jèn nan Kwadèboukè k’ap fè anpil sosyal pou ede moun avanse avèk rèv yo, reyalize avèk staf solid li dizyèm (10è) ane depi y’ap òganize festival anba Pikan sòti 31 Desanm 2019 la pou rive 1 Janvye ane 2020 an, yon fason pou bay jèn atis yo chans pou vann talan yo epi fete finisman ane a avèk popilasyon an nan Kwadèboukè a.

Aktivite sa kite gen yon pwogram chaje avèk anpil talan te demare depi nan senkè (5h) nan laprè midi kote piblik la te reponn prezan pou asiste avèk bèl moman sa apre yon ane twoub politik, Yslande kise youn nan asistant festival la, te fè ti pale avè ECHOJOUNAL kote li di li kontan aktivite sa chak ki reyalize nan zòn li, pou ane 2019 la pou li menm aktivite a pi bèl e gen plis chalè jan sa konn ye avan, li mande pou staf festival la kontinye travay malgre sa ta parèt difisil.

Machann yo bò kote pa yo bat bravo pou Captain Gym ki panse pou fè yon bèl aktivite konsa pou jèn yo, sa pèmèt yo menm tou k’ap vann benefisye paske sa ap pèmèt yo antre lajan pou prepare antre lekòl timoun yo, yon lòtbò yo felisite prezans lapolis la pou asire sekirite festival la.

Hubermane DUMANE (Captain Gym) responsab nimewo en (1) festival la, di li òganize festival sa se pou retire zam nan men jenès la, men ofri yo yon lòt direksyon paske jenès Ayisyèn nan gen anpil talan, malgre premye ane festival la te difisil li te toujou kenbe, gras avèk sipò staf la avèk popilasyon an aktivite a ap fete dis (10) lane, li remèsye Bondye, fanmil avèk tout moun ki sipòtel li pwofite mande otorite yo sispann bay jèn yo zam men ankadre yo pito jan li menm l’ap fè sa, paske se konsa n’ap ka gen yon lòt sosyete.

Rès staf la di yo kwè ane 2020 an ap pote kichòy ki bon pou popilasyon ayisyèn nan, yo remèsye Lapolis kite fè deplasman pou vin kore aktivite sa pou te anpeche moun viktim e yo kwè ane 2020 an anba Pikan ap selebre yon onzyèm (11è) lane festival, yo mande leta avèk otorite yo sispann kontribiye nan soufrans pèp Ayisyen an men bay jèn yo yon chans pou reyalize rèv yo.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …